Découverte | La Vallée : « La Perle du Sud-Est»

La Vallée se yonn nan komin ki blayi kò l nan Sidès peyi Ayiti. Nan atik sa a vin dekouvri tout sa a ou pa t konnen de zòn sila :
« Si mwen pale w de La Vallée…
Si mwen pale w de Marie Thérèse Ridore,
ki pase anviwon 50 lane ap ansenye ti moun lekòl nan primè ak nan preskolè…
Ou gendwa pa konnen li, ni ki kote li soti.
Si mwen pale w de Madan Rigal, ki te konn fè pi bon dous nan peyi a,
Ou gendwa pa janm tande non li.
Si mwen pale w de enjenyè-achitèk ki bati pi bèl katedral peyi a, nan Ench,
Ou gendwa pa konnen ni li, ni rasin li.
Si mwen pale w de Gwòt Bòn Sante, kòm yon anblèm lafwa ak mistik…
Ou gendwa pa konnen kote li ye.
Si m ta pale w de yon bouch tig ki chita kòl nan Obèj Mont Saint-Jean,
Sa ka entrige w,
Ou gendwa pa kwè…
Si m pale w de Festikap,
Ou gendwa pa konnen se youn nan pi gwo rasanbleman kiltirèl ak evènman tradisyonèl
ki pran nesans nan kè La Vallée-de-Jacmel.
Men si m pale w de :
• Komin ki site kòm komin ki plis alfabetize nan peyi a
• Komin ki fonde premye kès popilè fòmèl Ayiti an 1946 – li rele La Cité Coopérative
• Komin ki bay premye Kadinal peyi a
• Komin ki gen repitasyon pou bay plis mandarin nan peyi a
• Komin ki gen pi bèl klima natirèl ak pi fre nan tout zòn Sidès la
…Ou ta sipoze gen yon lide.
E si ou poko gen lide…
M ap pale w de yon komin ki chita sou mòn,
a 90 a 100 km de Pòtoprens,
27 a 30 km de vil Jakmèl,
ak yon altitid ki flote ant syèl ak solèy :
800 a 900 mèt de nivo lanmè a.
La Vallée-de-Jacmel
« La Perle du Sud-Est »
Fyète – Klima – Istwa – Mandarin – Lespwa
Se pa ti komin. Se yon modèl.
M panse li tan pou ou mete La Vallée nan lis komin ou ta vle vizite.
Si ou vle konnen plis sou li (istwa, jeografi, temwanyaj)
Gen yon liv ki rele « La Perle du Sud-Est », ekri pa Ing. François Marie Laroche.
Li disponib pou vann a yon pri abòdab.»
Tèks sa a se Payen Jenny Carla ki ekri l
What's Your Reaction?






