Nouvo anbasadè ameriken an nan peyi Dayiti rive Pòtoprens

Yon semèn aprè li te anonse, nouvo anbasadè ameriken, Henry Wooster rive Pòtoprens samdi maten an. Li te nan yon avyon militè ki ateri nan Ayopò Tousen Louvèti. Nan nouvo fonksyon l, diplomat ameriken an pral pilote, nan tout dimansyon sa mande, politik ameriken sou bout tè Papa Desalin nan.
Se ak yon abiman dekontrakte avèk kepi li nan tèt li, nouvo anbasadè ameriken, Henry Wooster rive Pòtoprens samdi 14 jen 2025. Aprè li fin desann avyon militè li te pran pou vini nan peyi a, konvwa ambasad la resevwa l nan Ayopò Tousen Louvèti a. L ap tou antre an fonksyon pou li mennen, nan tout dimansyon sa pral mande, politik ameriken sou bout tè Papa Desalin nan.
Nan yon mesaj li pibliye sou paj Facebook li, Anbasad Etazini an Ayiti pwofite salye depa anbasadè ki prale a, Dennis B. Hannkis. Diplomat ameriken sa a ap tou pran retrèt li aprè plis pase 40 lane l ap sèvi chansèlri amerikèn nan. Li te nonmen chaje dafè ameriken an Ayiti nan mwa mas 2024.
Nan yon mesaj, Hannkis eksprime rekonesans li gen anvè pèp ayisyen an. Diplomat la pwofite pou l soulinye bon akèy Ayisyen, epi richès kiltirèl peyi a genyen. Li fè konnen l ap kenbe kòm souvni plizyè moman li te pase depi l ap mennen misyon ameriken an nan peyi Dayiti.
Nouvo anbasadè ameriken an, Henry Wooster gen yon long karyè nan diplomasi amerikèn nan. Li te mennen misyon nan divès peyi tankou Lafrans, an Irak, Pakistan, ak Jewòji. Li te afekte tou nan Washington, ak lòt kote ankò.
Nan peyi Dayiti ki fin ravaje akoz ensekirite a ki blayi tout kò l nan divès rakwen, youn nan priyorite nouvo anbasadè Wooster, se pou ede nan retablisan sekirite a nan bò zile karayib la. Se sa chansèlri amerikèn nan endike.
Alix ISRAËL
What's Your Reaction?






